Accessibility links

Breaking News

Rubio: "Etazini Pran Angajman pou Kontinye Travay ak Fos Miltinasyonal Ayiti a"


Sekrete d Eta Ameriken Marco Rubio pandan yon konferans pou lapres nan Santo Domingo, Repiblik Dominiken, 6 Fevriye, 2025.
Sekrete d Eta Ameriken Marco Rubio pandan yon konferans pou lapres nan Santo Domingo, Repiblik Dominiken, 6 Fevriye, 2025.

Sekretè d Eta Ameriken Marco Rubio deklare "Etazini pran angajman pou l kontinye travay ak fos miltinasyonal Ayiti a.

Rubio fè deklarasyon an nan Santo Domingo, kapital Repiblik Dominikèn, kote li rankontre Prezidan Luis Abinader.

Pandan konvèsasyon an yo te diskite sou Ayiti. Rubio konfime ke vreman vre Etazini siyen yon pèmi pou kontinye finanse misyon (MMS) la.

"Nou pral kontinye apiye misyon an" Rubio fè konnen.

Li di li te pale ak Prezidan Kenyan William Ruto jodia pou "ranfose angajman sa a."

Rubio presize ke Etazini deside "fè yon eksepsyon" pou fos miltinasyonal la nan moman li jele tout asistans etranje lap bay, ann atandan yo revize angajman sa yo pou asire yo ann ako ak politik "Amerik an Premye" Prezidan Donald Trump la.

Rubio di Etazini deside fè eksepsyon pou pwogram ki kontribye ak sekirite Etazini ak emisfè a, jan fos miltinasyonal Kenya ap dirije a fè a.

Korespondan VOA nan Depatman Deta, Nike Ching, kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG