Accessibility links

Breaking News

200 Nouvo Polisye Kenyan Ateri nan Pòtoprens pou Ranfòse Fòs Miltinasyonal


A third contingent of police officers from Kenya arrives at Toussaint Louverture International Airport in Port-au-Prince on January 18, 2025.
A third contingent of police officers from Kenya arrives at Toussaint Louverture International Airport in Port-au-Prince on January 18, 2025.

200 nouvo polisye kenyan ateri, jodi jedi 6 fevriye 2025 lan, nan ayopò Toussaint Louverture, pou vin ranfòse misyon miltinasyonal la nan jarèt y ap bay Polis Nasyonal Ayiti a pou elimine gang yo nan peyi a.

Nouvo polisye sa yo rive nan kontèks kote rimè ta fè kwè, Etazini koupe finansman MMS la.

Sepandan, kòmandan MMS la Godfrey Otunge, demanti rimè sa yo e fè konnen misyon an ap kontinye pou pi rèd.

Chèf MMS la souliye, MMS la gen plizyè peyi k ap finase l, ladan yo, Espay ak Meksik.

N ap fè sonje madi ki sot pase la, anviwon 70 polisye Salvadoryen te debake nan Pòtoprens pou vin ranfòse fòs miltinasyonal la.

Avèk 200 nouvo polisye Kenyan sa yo ki rive jodia, kantite polisye ki konpoze MMS la depase 1000 moun. E yo soti nan plizyè peyi, tankou Kenya, Salvador, Jamayik, Beliz elatriye vin ajoute sou anviwon 800 polisye ki te deja sou teren an

XS
SM
MD
LG