Plizyè gwo chabrak nan gouvènman an, tankou prezidan konsèy prezidansyèl tranzisyon an, Leslie Voltaire ak chèf polis nasyonal Ayiti, Normil Rameau te fè deplasman an nan ayopò a pou resevwa nouvo kontenjan sa ki vin bay MMS la Jaret.
Bò kote MMS la, kòmandan misyon an, Godfrey Otunge te prezan pou akeyi 70 ofisye Salvadoryen yo ki rive nan peyo a anviwon yon mwa apre 8 sòlda Salvadoryen te vin prepare teren an.
Nouvo polisye sa yo vin ajoute sou anviwon 800 polisye etranje ki deja sou teren an.
N ap fè sonje, misyon miltinasyonal ki gen nan tèt li peyi Kenya prezan sou sòl Ayiti a depi mwa jen 2024.