Trump Menase Larisi ak Sanksyon Jiskaske Li Fè Lapè ak Ikrèn

Prezidan Etazini Donald Trump pale nan Biwo Oval Lamezonblanch la nan Washington, 7 Mas, 2025.

Prezidan Donald Trump soulve posibilite pou Etazini ta enpoze gwo sanksyon kont Larisi Vandredi, kèk jou apre li sispann asistans fiannsye ak pataj ransèyman ak Ikrèn. Trump lanse apèl bay 2 peyi sa yo pou yo degaje yo negosye yon trete lapè.

Menas Trump la sou sanksyon finansye ak tarif vini apre yon repòtaj Reuters Lendi ki te di Lamezonblanch tap prepare pou l enpoze soulajman sanksyon pou Larisi nan kad jefò pou mete fen nan lagè a epi amelyore lyen diplomatik ak ekonomik ak Moskou.

Trump deklare: "Le fèt ke Larisi ap absoliman "pilonnen" Ikrèn sou chan d batay la kounyea, map konsidere gwo Sanksyon Bankè, Sanksyon ak Tarif kont Larisi jiskaske yo finalize yon seselfe ak yon ako lapè final."

Prezidan an ajoute: "Pou Larisi ak Ikrèn, ale bo tab negosyasyon kounyela a anvan twò ta bare nou. Mèsi."

Fòs Ris yo preske antoure plizye milye twoup Ikrenyen ki te debake nan rejyon Kursk Ris la nan sezon ete ane pase a. Avans la te choke anpil moun e Kyiv te espere sevi ave l kom avantaj sou Moskou nan nempòt ki negosyasyon lape.

Sityasyon Ikren nan Kursk deteryore anpil pandan 3 jou ki pase yo, dapre sa kat ki disponib sou "open source" (sous ouve) endike. Kontofansiv Ris lapreske fann fòs Ikrenyen an an 2 epi separe gwoup prensipal la ak prensipal wout apwovizyonman li.

Fòs Ris yo andomaje tou enfrastrikti eneji ak gaz peyi Ikren nan nuit la nan premye gwo atak misil yo lanse depi Etazini te sispann pataje ranseyman ak Ikren.

Dapre responsab Ikrenyen yo gen 10 moun, pami yo yon timoun, ki blese nan atak la.