Pri aksyon yo desann anpil sou mache d la bous Ameriken an apre Prezidan Donald Trump deklare li pral enpoze tarif kont Kanada ak Meksik nan fen jounen an.
Endis S&P 500 la bese 2% Lendi epi fè sanblan lap plonje desann pi ba pase sa li te ye nan mwad Desanm nan.
Endis Endistriyèl Dow Jones la sibi yon bès 735 pwen epi Nasdaq la bese 2,6%.
Anons Trump la gate espwa Wall Street te genyen pou l chwazi yon chimen sou tarif yo ki koze mwens dega pou komès global.
Mache bon an bese anpil tou, nan sa ki sanble yon avètisman sou puisans ekonomi Ameriken an.