Accessibility links

Breaking News

Valè Lajan Crypto Ogmante sou Mache a Apre yon Anons Sipriz Trump


USA-TRUMP/
USA-TRUMP/

Valè lajan Crypto ogmante apre anons sipriz Prezidan Donald Trump fè pou di li vle pou gouvènman Ameriken an achte epi kenbe yon varytete byen nimerik nan yon fon rezèv estratejik.

Anons la souliyen tantativ Trump pou l sèvi ak lajan crypto a ki volatil kom bawomèt sipo piblik li.

Trump deklare sou rezo sosyal yo Dimanch ke administrasyon li ap travay pou kreye yon "Rezèv Estratejik Crypto" ki pral enkli lajan crypto moun pa tèlman byen konnen tankou XRP, solana ak cardano.

Apre sa, Trump te pibliye yon lot mesaj kote li di rezèv lap planifye a ta enkli bitcoin tou epi ether, ki se 2 lajan crypto ki pi popilè yo.

XS
SM
MD
LG