Accessibility links

Breaking News

Yon Senatè Mande Rubio Pou l Reponn Kesyon sou Acha Kamyon Sibè Tesla


FILE PHOTO: Secretary of State Marco Rubio in Washington
FILE PHOTO: Secretary of State Marco Rubio in Washington

Senatè Demokrat Richard Blumenthal mande Sekretè d Eta Ameriken Marco Rubio Lendi pou l reponn kestyon sou yon plan pou depanse $400 milyon pou achte vèsyon blende kamyon sibè Tesla TSLA.O yo pou transpote diplomat Ameriken.

Blumenthal di Depatman Deta deklare piblikman ke Administrasyon Biden te planifye kongra a e ke administrasyon Trump la anile l, men senatè a di yo kestyone kont randi sa a.

Blumenthal ekri pou di: "Kestyon kap poze se si, apre gwo kritik piblik, Administrasyon Trump la te kreye epi chanje dat dokiman gouvènman an pou fè sanblan ke se administrasyon presedant la ki te vini ak ide pou depanse $400 milyon lajan enpo sitwayen Ameriken pou achte kamyon sibè Tesla yo."

XS
SM
MD
LG