Yon Jij Rejte Lide pou Retabli Tou Suit Aksè AP nan Lamezonblanch

Moun mache devan tribinal federal E. Barrett Prettyman nan Washington, 24 Fevriye, 2025.

Yon jij federal refize pase lòd bay Lamezonblanch pou l restore tou suit aksè Associated Press pou l kouvri aktivite prezidansyèl yo.

Jij la di oganizasyon nouvèl la pa montre li soufri domaj ireparab akoz desizyon sa a.

Sepandan jij la mande gouvènman an rekonsidere entèdiksyon 2 semèn li enpoze a. Jij la di pwosè nan domèn sa a ki fèt nan pase a "pat an favè Lamezonblanch ditou."

Jij Trevor N. McFadden di avoka administrasyon Trump yo ke kestyon AP a mande plis eksplorasyon anvan li pran yon desizyon.

AP te depoze plent la devan tribinal Vandredi pase a epi di Lamezonblanch vyole dwa Premye Amandman Konstitisyon Etazini akòde l. Amandman sa a gen pou wè ak libète la pawòl.

Prezidan Donald Trump deklare lap pini ajans nouvèl la pou desizyon li pran pou l pa suiv konplètman dekrè li te pase pou renomen Gòlf Meksik la "Gòlf Amerik la."