Operasyon MMS nan Latibonit: Yon Polisye Kenyan Mouri Anba Bal Bandi

Haiti Kenya Gangs

Yon polisye Kenyan mouri, dimanch 23 fevriye 2025 lan, anba bal gwoup nèg ak zam, nan kad yon operasyon fòs lòd yo t ap mennen nan Ponsonde.

Se pòtpawòl Misyon miltinasyonal la, Jack Ombaka, ki anonse nouvèl la nan yon kominike pou laprès, li pataje ak VOA Kreyòl.

Nan kominike pou laprès sa, misyon miltinasyonal la fè konnen polisye kenyan te blese nan lokalite Segur, zòn Savyen (Depatman Latibonit).

Malgre yo te evakye Kenyan rapidviT nan avyon pou l al pran swen nan yon lopital, li pa rive chape, selon sa MMS fè konnen.

Se premye fwa fòs miltinasyonal la, ki gen plis pase 1000 polisye ki soti nan anviwon 5 peyi, pèdi youn nan polisye ki sou teren yo.

N ap fè sonje 2 jou avan anons lanmò polisye kenyan an dimach 23 fevriye 2025 lan, kòmandan MMS la, Godfrey Otunge te sètifye nan yon kominike, misyon miltinasyonal pa pèdi okenn nan pèsonèl li nan okenn kote nan peyi a.

N ap siyale, zòn Savyen kote polisye kenyan an blese a avan l al rann dènye souf li sou kabann lopital, se baz gang Gran Grif la, ki gen nan tèt li Luckson Élan.