Etazini Bay Fòs Miltinasyonal la 20 Blennde

Yon manm Kenyan Misyon Sipo Sekirite Miltinasyonal la kanpe bo kote yon machin blende nan Potoprens, Ayiti, 5 Sept. 2024.

« Bureau des affaires internationales de stupéfiants et d’application de la loi (INL)», ki se yon branch nan Depatmandeta, anonse yo fè Misyon miltinasyonal k apiye sekirite a (MMAS) kado 20 blennde. INL te pataje enfòmasyon sa sou kont X li @StateINL mèkredi 19 fevriye 2025 lan.

Daprè INL se 20 blennde anplis k ap sèvi pou transpòte twoup yo ak ranfòse travay 1000 manm pèsonèl MMAS la pou amelyore sekirite nan peyi a.

10 fevriye ki sot pase a INL t ofri Polis nasyonal la, bò kote pa l, yon lo materyèl. Pami ladan yo, 2 kamyon, 2 bakolodè, 2 « Wheel loaders » ak 1 « lowboy ». Li te fè PNH la kado tou 600 fizi.