Accessibility links

Breaking News

Dosye BNC: Lakou Dapèl Manda Konparisyon Kont 3 Konseye Prezidansyèl yo


Smith Augustin, center, a member of the new transitional council, speaks to the press after the swearing in of the council in Port-au-Prince, Haiti, April 25, 2024.
Smith Augustin, center, a member of the new transitional council, speaks to the press after the swearing in of the council in Port-au-Prince, Haiti, April 25, 2024.

Lakou dapèl nan Pòtoprens anile manda konparisyon kont twa konseye prezidansyèl ki te gen non yo site nan eskandal koripsyon Bank Nasyonal Kredi (BNC) a.

Nan yon desisyon li pran ayè a, lakou dapèl anile manda konparisyon kont konseye prezidansyèl Emmanuel Vertilaire, Smith Augustin ak Louis Gérald Gilles. Lakou dapèl estime manda konparisyon yo pa konfòm ak konstitisyon 1987 la, akoz de pozisyon konseye yo kòm prezidan.

Lakou dapèl eksplike yo paka trennen konseye prezidansyèl yo devan tribinal "droit commun"

N ap fè sonje, nan yon rapò li te pibliye nan mwa oktòb 2024, inite k ap lite kont koripsyon (ULCC) te mande pou met aksyon piblik an mouvman kont twa konseye prezidansyèl yo pou koripsyon, pran kòb anba tab ak abi pouvwa yo.

Nan kad eskandal koripsyon sa, ULCC te mande pou Lajistis pouswiv ansyen prezidan BNC a, Raoul Pierre-Louis ki ta gen men l tranpe nan koripsyon tou.

XS
SM
MD
LG