6 responsab wo plase Depatman Jistis Etazini - pami yo pwokirè federal Manhattan nan, demisyonen Jedi olye yo respekte lòd yo resevwa pou kite tonbe akizasyon koripsyon yo te lanse kont majistra Nouyòk la.
Enfòmasyon sa a soti nan yon lèt ki sikile andedan Depatman Jistis la ke Reuters wè, epitou konvèsasyon ak moun ki familye ak kestyon an.
Depa anplwaye sa yo make yon siy rezistans bò kote responsab de karyè Depatman Jistis la fas ak jefò Prezidan Donald Trump ap fè pou l efektye gwo chanjman nan ajans. Trump di depatman jistis la ap fè opozan politik yo lagè.
Kritik yo di chanjman Trump fè yo menase pou pwosè kriminèl vinn tounen yon jwèt politik.