Ayiti : Nominasyon Nouvo Direktè Jeneral nan Administrasyon Piblik la

Leslie Voltaire, prezidan Konsey Tranzisyon Ayiti a ak nouvo Premye Minis Alix Didier Fils-Aime pandan yon seremoni nan Potoprens, Ayiti, 11 Nov. 2024.

Nan dènye konsèy minis ki fèt ayè mèkredi a, gouvènman ayisyen an fè divès nominasyon nan administrasyon piblik la, pou pèmèt bwat leta yo "mache byen"

Nan yon kominike pou laprès, primati anonse, jodi jedi a, plizyè nouvo direktè general nan tèt diferan enstitisyon leta yo an Ayiti.

Pami nouvo nominasyon an, gouvènman an mete yon nouvo direktè nan tèt DINEPA, FAES, FNE, OAVCT, ONA, CONATEL OFATMA...

Pierre Jean Raymond Andre pran tèt OAVCT, tandiske Sterline Civil pran direksyon FNE.

Bò kote pa l, Serge Colin pral dirije FAES, tandiske Ronald Brazil nome direktè jeneral ONA

Pou sa ki gen pou wè ak Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH) e Radyo Nasyonal Ayiti (RNH), gouvènman an nonmen yon komisyon pou evalye aktivite medya a

Men lis konplè non nouvo direktè ak direktris nan administrasyon piblik la:

Pierre Jean Raymond André, direktè jeneral OAVCT

Vickerson Garnier, direktè jeneral OFATMA

Sterline Civil, direktris jeneral FNE

Serge Colin, directeur jeneral FAES

Ronald Bazile, direktè jeneral ONA

Yves Ducarmel, direktè jeneral AAN

Réginald Gignac, direktè jeneral OFNAC).

Pierre A. Dumbar, inspektè jeneral anbasad ak konsila yo

Fritz Longchamps, anbasadè Ayiti nan Repiblik Domininikèn