Chif ki soti nan yon rapò Service Jésuite aux mignants SJM-Haïti/Solidarité fè konnen, pou mwa janvye 2025 la sèlman, Repiblik Dominikèn voye tounen 7 154 migran ayisyen sou fwontyè ayisyano-dominikèn nan.
Nan gwoup sila a te genyen 5 144 gason, 1 590 fanm, 190 ti gason ak 230 tifi.
Depòtasyon sila a antre nan kad yon mezi peyi vwazen an te pran 2 oktòb 2024 pou rapatriye 10 mil migran ayisyen sou fwontyè a chak semèn.
Rapò sila a souliyen tou move kondisyon tretman Ayisyen sa yo kontinye sibi anba men Dominiken yo. Avan yo depòte yo, yo fè yo pase 4 ak 5 jou nan prizon.