Vance ak Musk Kestyone Otorite Tribinal yo nan Moman Ajènda Trump la ap Fè Fas ak Rezistans Legal

Vis Prezidan Etazini JD Vance pran la pawol nan some entenasyonal libete relijyon an nan Washington, 5 Fevriye, 2025.

Responsab wo plase administrasyon Trump la ap kestyone piblikman otorite jidisyè a genyen pou tcheke pouvwa egzekitif la. Ajènda nouvo prezidan Etazini ap fè fas ak anpil rezistans nan tribinal yo kounyela a.

Pandan 24 hè ki pase yo, responsab soti depi milyadè Elon Musk pou rive nan Vis Prezidan JD Vance, kritike desizyon yon jij federal pran bonè Samdi pou bloke aksè Depatman Efikasite Gouvènmantal Musk la ak dokiman sansib ki gen done sitwayen prive tankou nimewo Sekirite Sosyal yo ak kontanbank pou plizyè milyon Ameriken.

Yo atake tou lejitimite siveyans jidisyè a, ki se yon pilye fondamantal sistèm Demokratik Etazini an ki baze sou separasyon pouvwa.