Trump di Palestinyen yo 'Pap Gen Dwa Tounen Gaza' Anba Plan Ameriken an

Prezidan Donald Trump pale ak jounalis yo abo avyon Air Force One, kote li siyen yon pwoklamasyon pou deklare 9 Fevriye Jounen Golf Amerik la, 9 Fevriye 2025.

Prezidan Etazini Donald Trump di Palestinyen nan Gaza yo pap gen dwa tounen anba plan li genyen pou Etazini "pran kontwol" teritwa sa a ke lagè finn ravaje.

Sa kontredi sa lot responsab administrasyon Trump la ki eseye fè konprann prezidan an tap mande sèlman pou deplase pwovizwaman popilasyon Palestinyen an.

Mwenske yon semèn apre li te pale sou plan li pou Etazini pran kontwol Gaza epi fèl tounen "Kot d Azur Mwayèn Oryan an", Trump te deklare "non yo pap kapab", lè jounalis yo te mande l si Palestinyen Gaza yo ap gen dwa tounen sou teritwa a.

Trump fè komantè sa yo pandan yon entèvyou ak jounalis FOX News Bret Baier, ke rezo televizyon an ap difize Lendi.