Minis Jistis la Mande Mario Andrésol Siveye Operasyon k ap Fèt sou Teren yo

U.S. Assistant Secretary of State for International Narcotics and Law Enforcement Affairs (INL) William Brownfield (2nd L) speaks with Mario Andresol, director general of the Haitian Police Force, as he arrives for a news conference at the Haitian Police

Minis Jistis ak Sekirite piblik la, Patrick Pélissier, mande Mario Andrésol pou l sipèvize operasyon sekirite k ap fèt kont bandi yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la ak depatman Latibonit.

Daprè enfòmasyon yo, desizyon minis Pélissier a makonnen ak aplikasyon yon estrateji sekirite Konsèy siperyè sekirite polis nasyonal la (CSPN) te adopte.

Mario Andrésol, ki se Sekretè Deta Sekirite piblik, ap gen pou l founi bay CSPN yon rapò sou evolisyon sitiyasyon an sou teren an, chak semèn.

Rapò sila a ap gen ladann tout kalte enfòmasyon itil ki kapab pèmèt yo evalye operasyon yo, tankou efikasite dispozisyon responsab yo pran, gwo difikilte yo rankontre, elatriye.