Accessibility links

Breaking News

Ladwannn Kolekte Plis Pase 11 Milya Goud pou Mwa Janvye 2025 la


Haiti Fuel Shortage
Haiti Fuel Shortage

Pou premye mwa dezyèm trimès egzèsis fiskal 2025-2026 la, Ladwann Ayiti rive kolekte 11,845,016,659 goud. Montan sila a depase previzyon 11,053,041,341 ministè Ekonomi ak Finans te fè a.

Daprè estatistik ki soti nan Administrasyon jeneral dwàn yo (AGD), 21% nan 11,845,016,659 goud la gen pou wè ak resèt ki soti nan pwodwi petwolye yo.

Yon lòt bò, gen yon bès 9,1% sou kantite pwodwi ki enpòte nan peyi a, konpare ak mwa janvye ane pase. Kantite machandiz ki te rantre nan peyi a nan mwa janvye 2024 se 351,628,366 tòn, alòske pou janvye 2025 la se 319,667,627 ki rantre.

Enfòmasyon yo revele tou se premye fwa nan tout istwa li Ladwann rive ranmase kantite lajan sa a pou yon mwa janvye.

11 milya goud se kantite yo konn rive kolekte nan peryòd sila a.

XS
SM
MD
LG