Aktyèl prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a (KPT), Leslie Voltaire, fè konnen pandan pasaj li nan vil Vatikan an li te mande Manman Notre Dame Pèpetyèl Sekou pou l fè yon mirak pou Ayiti.
Achitèk la fè deklarasyon lafwa sila a, jou vandredi 31 janvye 2025 la, pandan yon rankont ak laprès nan Salon diplomatik Ayopò Pòtoprens la, kote li t ap drese yon bilan sou toune ewopeyèn li an ki te tanmen nan fen mwa janvye a.
Voltaire te raple « gerizon epidemi varyòl nan lane 1882, gras ak entèvèsyon NotreDam Pèpetyèl Sekou ».
Kidonk, li di li mande l fè menm mirak la, men fwa sa a pou netralize gang yo epi mete lapè nan peyi a.