Yon avyon American Airlines ki te gen 60 pasaje abò ak 4 manm ekipaj fè kolizyon Mèkredi ak yon elikoptè lame Etazini pandan li tap ateri nan ayewopò Nasyonal Ronald Reagan nan tou pre Washington. Sa deklanche yon kokenn chenn operasyon sekou nan flèv Potomac la ki sitye tou pre a.
Otorite yo di yo rekipere owmens 28 kadav nan dlo glase Potomac la. Otorite yo di yo pa kwè okenn moun siviv. Si se vre, savledi aksidan an se aksidan avyon ki pi fatal Ozetazini depi ane 2009.
Yo te jwenn avyon an tèt anba epi krase an 3 mòso nan dlo ki pa pwofon. Yo jwenn debri elikoptè a tou. Te gen 3 solda Ameriken nan elikoptè a.
Prezidan Donald Trump pale nan sal pres James Brady a nan Lamezonblanch, 30 Janvye 2025.
Prezidan Donald Trump te pran la pawol anvan midi pou eksprime kondoleyans li.
Trump deklare: "Antanke nasyon nou pote dèy pou nam presye ke yo pran nan men nou sanzatann. Malerezman okenn moun pa siviv."
Trump di li poko klè kisa ki te koze aksidan an. Li di lame Etazini ak Komisyon Nasyonal Sekirite Transpo a ap mennen ankèt.
Trump deklare: "Nou pral chache kijan dezas sa a fè rive epi asire bagay konsa pa janm rive ankò."