Lamezonblanch pibliye yon deklarasyon Prezidan Donald Trump ki di: "mwen byen ranseye sou aksidan terib ki fèk dewoule nan Ayewopò Nasyonal Reagan. Bondye Beni nam yo. Mèsi pou travay enkwayab sekouris nou yo ap fe. Map suiv sityasyon an e mwen va bay plis detay lè mwen genyen yo."
Trump pibliye tou yon mesaj sou rezo sosyal Truth Social kote li kestyone taktik elikoptè militè a ak kontwolè trafik ayeryen yo te anplwaye - tou le 2 ajans sa yo gen prezidan an kom chèf yo.
Mesaj li pibliye a di: "avyon an tap fè yon apwoch pafè e woutin pandan yon bon moman syèl la te klè, poukisa elikoptè a pat monte oswa bese oswa vire e poukisa tou kontwol la pa di elikoptè a sa l dwe fè olye yo mande si l wè avyon an."
Li te ajoute: "se yon nuit terib. Bondye Beni nou tout!"