Ajans Santral Ransèyman Etazini revoke yon pakèt nouvo anplwaye semèn sa a, dapre sa 2 moun ki familye ak kestyon an di ajans nouvèl Reuters. Nouvèl la tonbe nan moman Prezidan Etazini Donald Trump ap travay pou diminye fos travay federal la.
Nouvo anplwaye yo ki fè pati gwoup moun ki sou pwobasyon, te travay sou divès dosye e yo te jwenn revokasyon yo akoz kestyon ki gen rapo ak pèfomans yo dapre yon moun ki familye ak koze a.
Yon pot pawol CIA di nan yon deklarasyon li voye bay Reuters: "Nan CIA a , nap revize pèsonèl ki poko gen 2 zan ap travay pou Ajans la. Pou kèk anplwaye pwosesis la ap debouche sou revokasyon. Ofisye nou yo fè fas ak presyon ki san parèy soti depi travay nan sityasyon kap devlope rapidman pou rive nan sa ki gen gwo risk. Se pa (yon djob) tout moun ka fè."
Nan kèk ajans, anplwaye federal ki te jwenn revokasyon yo pou swadizan move pèfomans nan kad inisyativ Trump la te resevwa bon kanè anvan yo te revoke yo, dapre entèvyou ak dokiman Reuters konstate.
Li pa klè konbyen anplwaye sou pwobasyon - moun CIA anplwaye pandan 4 ane ki pase yo ke yo revoke. Sous yo di Reuters moun yo revoke yo tap travay pou ajans la depi 2 zan ou mwens.
Nempot revokasyon anpil ofisye CIA, menm sa ki toujou sou pwobasyon, taka gen enpak sou fason ajans la ranmase ransèyman epi analize enfomasyon.
Revokasyon yo fèt nan moman Depatman Efikasite Gouvènmantal Elon Musk ap dirije a, travay pou koupe finansman gouvènman federal la. Plizyè milye anplwaye ki te sou pwobasyon jwenn revokasyon yo pandan semèn ki sot pase yo.