Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Misyon Miltinasyonal la Pa Pedi Sòlda nan Afwontman ak Gang Kenskòf, Dapre Pòtpawòl Otunge


Manm Fos Zame Ayiti fe patwouy nan lari Kenscoff apre plizye jou zak vyolans nan Potoprens, Ayiti, 29 Janvye 2025.
Manm Fos Zame Ayiti fe patwouy nan lari Kenscoff apre plizye jou zak vyolans nan Potoprens, Ayiti, 29 Janvye 2025.

Misyon Miltinasyonal sekirite a demanti enfòmasyon ki ta fè kwè MMS la ta pèdi sòlda nan afwontman ak gwoup gang ame yo nan komin Kenskòf.

Nan yon kominike pou laprès li pi pibliye jodi vandredi a (21 Fevriye), fòs miltinasyonal la voye jete bwen lwen enfòmasyon sa yo e kalifye yo de pwopagann.

Nan kominike sila ki pote siyati kòmandan misyon an, Godfrey Otunge, fòs miltinasyonal sètifye : "MMS la pa pèdi okenn nan pèsonèl li yo nan okenn konfrontasyon ak gang nan Kenskòf".

Pi lwen, Godfrey Otunge agimante pou l di, sòlda li yo repran kontwòl yon estasyon nan kenskòf, gang yo te atake. Kòmandan MSS la souliye, MMS la ak Polis Nasyonal Ayiti antrene ansanm e kontinye mennen operasyon ansanm.

Pou fini, MMS la fè konnen yo rete konsantre sou misyon yo toutpandan y ap kontinye travay ak Polis Nasyonal Ayiti a.

XS
SM
MD
LG