Accessibility links

Breaking News

Demokrat yo Eli Ken Martin Kòm Lidè Nasyonal Pati a


Nouvo lide eli Komite Nasyonal Pati Demokrat la, Ken Martin pran la pawol apre li ranpote eleksyon pati a nan National Harbor, Maryland, 1 Fevriye 2025.
Nouvo lide eli Komite Nasyonal Pati Demokrat la, Ken Martin pran la pawol apre li ranpote eleksyon pati a nan National Harbor, Maryland, 1 Fevriye 2025.

Demokrat yo eli Ken Martin, lidè pati a nan eta Minnesota, kom nouvo chèf nasyonal pati a.

Mezi sa a konvèti yon politisyen pwofil ba ki soti nan sant wès Etazini an gwo chèf ki pral kowodone rezistans pati Demokrat la fas ak prezidans Donald Trump.

Martin ap ranplase Jaime Harrison, ki se moun Kawolin di Sid, kom direktè pati nasyonal Demokrat la.

Harrison pat chache yon dezyèm manda nan pos la apre eleksyon 2024 la lè Trump te tounen premye Repibliken ki ranpote vot popilè a nan 20 an. Trump te ogmante tou sipo li pami Demokrat nwa ak latino yo ansanm ak travayè klas travayè yo.

Eleksyon pou chwazi yon nouvo lidè te dwoule Samdi andeyo Washington DC.

XS
SM
MD
LG