Accessibility links

Breaking News
Yon bato lapolis akoste nan zon kote debri aksidan avyon an sitye nan flev Potomac la tou pre ayeropo nasyonal Ronald Reagan nan, 30 Janvye 2025.
Yon bato lapolis akoste nan zon kote debri aksidan avyon an sitye nan flev Potomac la tou pre ayeropo nasyonal Ronald Reagan nan, 30 Janvye 2025.

Aksidan Avyon Washington: Denye Devlopman yo

Yon avyon American Airlines ki tap transpòte 60 pasaje ak 4 manm ekipaj fè kolizyon ak yon elikoptè lame Etazini pandan li tap ateri nan ayewopo Ronald Reagan tou pre Washington. Aksidan an deklanche yon operasyon sovtaj nan flèv Potomac la.

14:42 30.1.2025

Vòl yo reprann nan Ayewopò Ronald Reagan

Vòl yo reprann yon ti tan apre 11 zè Jedi maten an nan ayewopò nasyonal Ronald Reagan tou pre Washington. Men gen anpil vòl ki anile e pankat elektwonik ki bay enfòmasyon yo te kouri ak mesaj wouj sou vòl ki anile. Gen lòt vòl ki te ranvwaye pou pi ta apremidi a.

Sekretè Transpò Sean Duffy, ki prete sèman pi bonè semèn sa a te reponn kestyon jounalis yo si li ka rasire Ameriken ke Etazini toujou gen espas ayeryen ki pi sekirize a.

Duffy te reponn: "Absolian, wi."

14:49 30.1.2025

14 Manm Kominote Patinaj sou Glas Etazini Mouri nan Aksidan Avyon Washington nan

Gen 2 jèn patinè, 2 paran ak 2 antrenè patinaj sou glas Ris ke moun respekte anpil ki pami viktim aksidan avyon American Airlines ki fè kolizyon ak elikoptè lame Ameriken ki tonbe nan flèv Potomac la.

Doug Zeghibe, PDG Klib Patinaj Boston an deklare Jedi atlet Jinna Han ak Spencer Lane pami viktim yo ansanm ak antrene yo Evgenia Shishkova ak Vadim Naumov.

Oganizasyon Patinaj Etazini an te konfime anvan sa ke plizye patine, antrene ak manm fanmi yo te abo avyon komesyal la apre yo te finn asiste yon "kan devlopman" ki te dewoule apre chanpyona nasyonal ki fek sot fini Dimanch nan Wichita, eta Kansas.

15:29 30.1.2025

Direktris NTSB di Anketè yo Pral Gade 'Fè' yo

Direktris Komisyon Nasyonal Sekirite Transpo (NTSB) Jennifer Homendy deklare Jedi pandan yon konferans de près ke: "nou pral gade fè yo pandan nap mennen ankèt e sa pral pran kèk tan."

Li tap reponn yon kestyon sou spekilasyon pa rapo ak sak koze kolizyon ant avyon American Airlines la ak elikoptè Lame a ta Mèkredi swa tou pre Washington.

Pandan konferans pou laprès pa li pi bonè Jedi, Prezidan Donald Trump te sigjere jefo divèsite Administrasyon Federal Aviyasyon an (FAA) te lakoz vwayaj pa avyon te vinn mwen sekirize.

Prezidan an bay opinyon pèsonèl li malgre yo poko finn ankete konplètman aksidan an, e pa gen okenn detèminasyon ki fèt pa rapo ak si FAA te fè yon bagay ki pa bon.

15:52 30.1.2025

Yon Rapò di Kantite Anplwaye ki Tap Travay nan Tou Kontwòl la 'Pat Nomal' nan Moman Kolizyon Avyon yo

Yon rapò Administrasyon Federal Aviyasyon an pibliye deklare kantite anplwaye ki tap travay nan tou kontwòl trafik ayeryen an "pat nomal" nan moman kolizyon avyon yo te fèt tou pre Washington.

Kolizyon ant yon elikoptè lame Etazini ak yon avyon American Airlines ki te soti Kansas touye tou le 67 pasaje abo 2 avyon yo, dapre responsab yo. Yo egzamine de pre aksyon pilòt militè a apre youn nan aksidan avyon pi grav ki rive Ozetazini depi yon jenerasyon.

Gen omwens 28 kadav ke yo rale soti nan dlo glase flèv Potomac la apre elikoptè a te aparaman vole sou chimen djèt la Mèkredi swa nan moman li tap ateri nan ayewopò nasyonal Ronald Reagan nan tou pre Washington.

Load more

XS
SM
MD
LG