Kolizyon Avyon ki Touye 67 Moun Se Dezas Ayeryen Pi Fatal Etazini Depi 25 an
- By AP
Yon kolizyon ant yon elikoptè Lame Etazini ak yon avyon American Airlines ki te soti Kansas touye tou le 67 pasaje abo avyon yo.
Se sa otorite yo fè konnen Jedi nan moman yo tap gade de pre aksyon pilot militè a apre dezas avisyasyon pi fatal peyi Etazini janm konstate depi 25 an.
Sekouris yo rekipere omwens 28 kadav nan dlo glase flèv Potomac la apre elikoptè a te antre sou chimen avyon an byen ta Mèkredi swa nan moman avyon an tap eseye ateri nan ayewopo nasyonal Ronald Reagan nan tou pre Washington.
Avyon an te gen abo l 60 pasaje ak 4 manm ekipaj. Te gen 3 solda abo elikoptè a.
Dapre nouvèl yo gen yon sèl kontwolè trafik ayeryen ki te responsab pou kowodinasyon trafik elikoptè a epitou avyon kap rive epi dekole yo lè kolizyon an fèt la. Se sa ki nan yon rapo Administrasyon Federal Aviyasyon an (FAA) ke Associated Press wè. D abitid se 2 moun ki konn pataje responsabilite sa a, men tipikman ayeropo a konbine 2 wol separe yo a 9hè edmi nan aswè, lè trafik ayeryen an komanse ralanti. Sipèvizè tou kontwol la te pase lod pou yo konbine yo pi bonè.
Yon moun ki ranseye sou kestyon an di nivo anplwaye nan tou kontwol la te "nomal" Mèkredi swa. Sepandan rapo a di "plasman pozisyon an pat nomal pou horè jounen an ak volim trafik ayeryen an."
D abitid yo konn konbine responsabilite yo lè kontwolè yo bezwen deplase pou pran yon poz, lè yap fini travay e yon nouvo moun ap vini oswa lè trafik ayeryen an ralanti, dapre yon responsab ki mande pou yo pa site non li paske li pat gen otorizasyon diskite sou pwosesis entèn.
Prezidan Donald Trump te anonse pandan konferans pou laprès li nan Lamezonblanch ke pa gen okenn sivivan.
Ankèt sou aksidan avyon an taka pran plizyè mwa e anketè federal yo di jounalis yo yo pap spekile sou sak te koze kolizyon an.