Men Sa Nou Konnen de Avyon ki Fè Kolizyon yo
- By AP
Vol 5342 American Airlines tapral ateri nan ayewopò Nasyonal Ronald Reagan ak yon altitid 400 pye ak yon vitès 140 mil a lè nan moman li sibi yon deklen altitid rapidman sou flèv Potomac la dapre done aparey abò avyon an voye.
Avyon an se yon bonbadye CRJ-701 ki fabrike o Kanada an 2004. Li gen 2 motè, e li ka transpòte jiska 70 pasaje.
Elikoptè Militè a T ap Fè Antrenman
Lame Etazini di elikoptè ki fè kolizyon ak avyon pasaje a te yon UH-60 Blackhawk ki te gen baz li nan Fo Belvoir nan eta Vijini.
Li te gen yon ekipaj 3 solda abò li, dapre yon responsab Lame a.
Dènye Aksidan Avyon Komèsyal Fatal Ozetazini Sete an 2009
- By AP
Dènye aksidan avyon fatal yon avyon komèsyal Ameriken sete an 2009 nan Nouyok, dapre Komisyon Nasyonal pou Sekirite Transpo a.
Tout moun abo Bonbadye DCH-8 la te mouri - pami yo 45 pasaje, 2 pilot ak 2 otès de lè. Yon lot moun te mouri atè ki te mete bilan viktim yo a 50 moun. Yon ankèt te detèmine kapitèn nan te fè yon bagay pa aksidan ki te lakoz avyon an te pran pann pandan li tap pwoche ayewopo Buffalo a.
Anrejistreman Montre Elikoptè a Pat Reponn Apre Avètisman Kontwolè Trafik Ayeryen an
Mwenske 30 segond anvan kolizyon an, yon kontwolè trafik ayeryen te mande elikoptè a si li ka wè avyon kap ateri a.
Kontwolè a rele elikoptè a anko kèk moman pi ta pou di l "pase dèyè avyon an."
2 avyon yo te fè kolizyon kèk segond pi ta.
Anrejistreman an pa gen okenn repons bo kote elikoptè a.
Aparèy radyo avyon an te sispann voye mesaj lè l te rive ak yon distans 730 mèt ak pis aterisaj la - kidonk li te plizoumwen sou flèv la.
Sekretè Sekirite Nasyonal Noem di yo Deplwaye Tout Resous Gad Kòt ki Disponib
Sekretè Sekirite Nasyonal Kristi Noem di li pral deplwaye tout resous ki disponib pou pèmèt Gad Kòt Etazini ede ak jefò sekou yo.
"Nap veye sityasyon an de pre e nou pare pou apiye sekouris lokal yo" li di nan yon mesaj li pibliye sou rezo X.
Ayewopò Nasyonal Reagan Popilè Anpil
Ayewopò Nasyonal Ronald Reagan sitye sou Flev Potomac la o sidwes vil Washington. Se yon chwa popile paske li pi pre vil la pase ayewopò Entenasyonal Dulles ki sitye nan eta Vijini.
Selon pis aterisaj kote avyon an ap ateri, pasaje yo ka gen priz vi espektakile lye istorik Washington tankou Moniman Washington nan, Moniman Lincoln nan, Plas Nasyonal la ak Capitol la.
Se tankou yon kat postal pou swete touris kap vizite vil la byenvini.
Tout Pasaje ki te Abo Avyon ki Fè Kolizyon ak Elikoptè Lame Etazini yo Mouri
- By AP
Yon avyon American Airlines ki te gen 60 pasaje abo ak 4 manm ekipaj fè kolizyon Mèkredi ak yon elikoptè lame Etazini pandan li tap ateri nan ayewopo Nasyonal Ronald Reagan nan tou pre Washington. Sa deklanche yon kokenn chenn operasyon sekou nan flèv Potomac la ki sitye tou pre a.
Otorite yo di yo rekipere owmens 28 kadav nan dlo glase Potomac la. Otorite yo di yo pa kwè okenn moun siviv. Si se vre, savledi aksidan an se aksidan avyon ki pi fatal Ozetazini depi ane 2009.
Yo te jwenn avyon an tèt anba epi krase an 3 moso nan dlo ki pa pwofon. Yo jwenn debri elikoptè a tou. Te gen 3 solda Ameriken nan elikoptè a.
Prezidan Donald Trump te pran la pawol anvan midi pou eksprime kondoleyans li.
Trump deklare: "Antanke nasyon nou pote dèy pou nam presye ke yo pran nan men nou sanzatann. Malerezman okenn moun pa siviv."
Trump di li poko klè kisa ki te koze aksidan an. Li di lame Etazini ak Komisyon Nasyonal Sekirite Transpo a ap mennen ankèt.
Trump deklare: "Nou pral chache kijan dezas sa a fè rive epi asire bagay konsa pa janm rive ankò."
Ansyen Sekretè Transpò a di Kritik Trump yo 'Degoutan'
- By AP
Ansyen Sekretè Transpò Etazini Pete Buttigieg pibliye yon mesaj sou rezo sosyal X pou di: "nan moman fanmi yo an dèy, Trump ta dwe dirije pa bay manti." Buttigieg fè komantè a yon ti tan apre konferans pou laprès Prezidan Donald Trump te bay nan Lamezonblanch.
Misye fè remake lè li tap dirije ajans la "pat gen okenn aksidan avyon komèsyal kote moun mouri - pami plizyè milyon vol li tap jere."
Trump kritike sevèman Buttigieg epi menm joure pou denonse sa li dekri tankou jefò Demokrat yo mennen pou pwomouvwa divèsite nan ajans federal yo.
Trump di Buttigieg te "lakoz echèk (depatman transpò a) akoz divèsite li" pandan li sekretè transpò.