Chantè Kenny Haiti ak tout chantèz Fatima Altieri ap jwe Monreyal, Kanada jou k ap samdi 14 desanm 2024 la. Sware sa a, ki rantre nan kad selebrasyon albòm tou nèf chak atis yo, ap fèt nan sal Amiens ki chita kò l sou Boulva Langelier a.
Gwoup mizik Klass pwograme pou yon bal nan « Centre de congrès Palace », nan vil Laval, jou k ap 20 desanm 2024 la.
Nan yon entèvyou li t ap bay nan emisyon Panel Magik, sou radyo Magik9, jou ki te lendi 2 desanm 2024 la, Direktè ONUSIDA nan peyi Dayiti, Christian Mouala, fè konnen nouvo ka maladi SIDA yo ogmante anpil lakay jèn ki genyen ant 15 ak 24 lane yo.
Nan yon piblikasyon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon fè sou kont X li @MsppOfficiel, jou lendi 2 desanm 2024 la, responsab yo anonse lopital Chansrèl relouvri nan Site Solèy, pou akeyi fanm ansent yo.
Atis Ayisyen Jean Jean Roosevelt te anime yon sware espesyal nan Montreal, Canada kote yo tap selebre li.
Mèkredi 27 novanm 2024 la, Postes Canada te pwofite devwale 5 nouvo tenb li yo nan lansman ofisyèl 47e edisyon Salon du livre de Montréal. Ekriven Dany Laferrière ki gen foto l sou youn nan tenb sa yo te prezan nan seremoni sa a ki te fèt nan Palais des Congrès.
Chantez Fatima soti nan lis « Afro-Club, le Hit des platines » ki seleksyone mizik k ap mache nan semèn nan.
Dany Laferrière twouve l pami 5 nan ekriven Postes Canada chwazi onore jou k ap mèkredi 27 novanm 2024 la nan lansman ofisyèl Salon du livre de Montréal. Nouvo tenb sa yo ap tou devwale demen nan seremoni sila a k ap fèt nan Palais des congrès.
Chantè Jean Jean Roosevelt ak gwoup li pwograme pou yon konsè nan Centre Leonardo Da Vinci nan Monreyal, vandredi 29 novanm 2024 la.
Mizisyen Serge Laguerre mouri Florid mèkredi 20 novanm 2024 la aprè yon pakèt lane ap soufri lakoz maladi ensifizans renal. Li te genyen 53 zan.
Pandan pasaj li nan emisyon Panel Magik sou Magik9 jedi 21 novanm 2024 la doktè Ronald Laroche t eksplike kijan kriz ensekirite a mete lavi fanm ansent yo andanje, jounen jodia nan peyi dAyiti.
Aprè 2 konsè l yo nan peyi Dayiti pandan kòmansman mwa novanm nan, nan kad toune li ki rele « Danje Tour », chantèz Lycinaïs Jean ki gen orijin li nan peyi Lagwadloup ak Matinik ap vin jwe Monreyal nan Espace Prestige, 30 novanm k ap vini la.
Daprè enfòmasyon k ap pase nan laprès kanadyèn depi madi 19 novanm 2024 la, François Legault ap voye kò lapolis « Sûreté du Québec » fè patwouy sou fwontyè kanadoameriken an.
Gwoup Mizik Mizik fete 38 lane egzistans li 18 novanm 2024 la, daprè mayestwo Fabrice Rouzier.
Nan kad toune li pou fen ane 2024 la, Joé Dwèt File afiche nan sal espektak L’Olympia nan vil Monreyal, jou k ap 6 desanm 2024 la.
Atis Kenny Haiti te pwofite pasaj li pou premye fwa sou sèn nan Paris (Salle Bella), samdi 16 novanm 2024 la, pou li te mande « bay Ayiti yon chans ».
Air transat, konpayi sa a ki konn asire vòl Monreyal-Pòtoprens anile vòl li yo sou Ayiti jiska 15 janvye 2025.
DJ Ayisyen Gardy Girault fe kout pye nan Montreal, Canada kote li anime yon sware pou dyaspora Ayisyen nan.
« Le dernier repas » (The last meal), se tit fim sa a ki rakonte krim rejim Duvalier a te komèt sou opozan li yo pandan 20e syèk la.
Load more