Nan yon konferans pou laprès li bay, nan lokal DCPJ, Lapolis Nasyonal Ayiti prezante bilan operasyon li mennen sou tout teritwa nan peyi a.
Deptaman Sant
Daprè pòt pawòl adjwen lapolis la, Lionel Lazarre, PNH la sezi 10 mil 488 katouch 762; 29 katouch kalib 12; 1 fizi Magpul ILX 50; 2 fizi 12; yon chajè ak yon kwòs Magpul; yon chajè fizi kalachnikòv; yon kle pou sere fizi ak yon ti bis gri Nissan, nan depatman Sant peyi a. Tout sezi sa yo te fèt jou dimanch 9 mas 2025 lan.
Gwo kout filè sa fèt nan nan vil Mibalè. Popilasyon an pat bay chans ak endividi ki t ap transpòte zam sa yo ak katouch sa yo. Selon Lionel Lazarre, popilasyon an ki te kolè touye yo, malgre efò lapolis.
Depatman Sidès
Nan depatman Sidès, grasa gwo dispozitif sekirite yo mete kanpe, soti mwa janvye pou rive mwa mas 2025, otorite yo rive yo fouke 56 endividi ki ta enplike nan zak malonèt.
Lapolis rive sezi tou 90,143 kilo marigwana nan depatman sidès.
Depatman Lwès
Pou sa ki gen pou wè ak deptamn Lwès, kote kapital la, Pòtoprens, sitiye li, Lionel Lazarre deklare fòs lòd yo rive refoule gwoup gang yo ki te atake katye Dèlma 17, Dèlma 19 ak Dèlma 30.
Selon Lionel Lazarre, lapolis "a pied d'oeuvre" nan katye Kafou fèy pou pote popilasyon katye sa sekou kont gang yo ki ap chache anvayi zòn sa.
Sepandan, Pòtvwa PNH la pa bay detay sou arestasyon oubyen fatalite ki genyen nan kan gwoup gang yo pandan operasyon inite espasyalize PNH la.
Pou fini, lapolis pwomèt li p ap fè bak e l ap kontinye batay pou l dechouke gang yo nan peyi a nan lide pou sekirite tabli tout kote.