Trump Menase Pou l Mete 200% Taks sou Chanpay ak Diven Fransè ak Ewòp

GLOBAL-WINE/OIV

Jedi 13 mas 2025 la, Prezidan Donald Trump menase Lafrans ak Inyon Ewopeyen pou enpoze 200% dwa ladwàn sou chanpay, diven ak lòt alkòl yo si Inyon Ewopeyen pa retire tarif 50% li pare pou mete sou wiski Ameriken yo.

Inyon Ewopeyen anonse dwa ladwàn sou yon seri pwodwi ameriken yè Mèkredi a tankou, wiski, motosiklèt ak bato yo, an revanj pou 25% tarif ki te antre an vigè menm jou a sou asye ak aliminyòm.

Yo ta dwe antre ann aplikasyon apati premye Avril, yon jou anvan tarif "resipwòk" Prezidan Donald Trump vle a.

"Inyon Ewopeyen, youn nan otorite ki pi abizif ak ostil nan mond lan sou zafè taks ak dwa ladwàn, (...) te jis enpoze 50% taks sou wiski.

Si taks sa yo pa wetire imedyatman, Etazini pral byen vit enpoze 200% taks sou tout diven, chanpay ak pwodwi alkolize ki soti Lafrans ak lòt peyi ki nan Inyon Ewopeyen", se sa Prezidan Trump te ekri sou rezo sosyal li, Truth Social.

Li pwofite akize, yon lòt fwa ankò, blòk ewopeyen an ki "kreye ak sèl objektif pou pran avantaj sou Etazini."

Anons Komisyon Ewopeyen sou dwa ladwàn yo "fò men egal" sou yon seri pwodwi enpòte ki soti Etazini enkyete pwodiktè alkòl Ewopeyen yo.

Apre sa, yo mande Inyon Ewopeyen ak Etazini pou kite sektè yo "lwen diskisyon yo", yon demann klèman Mezon Blanch meprize.

“Spirits Europe”, gwoup Ewopeyen endistri a, te di, anvan anons Jedi Donald Trump la, li te "pwofondman desi" epi "ekstrèman konsène" pou wè taks Ewopeyen yo sou Wiski Ameriken yo "kòm yon pati nan yon lagè sou asye ak aliminyòm, ki pa gen rapò" ak sektè sa a.

"Anons sa a vini nan yon moman patikilyèman difisil pou sektè alkòl la, nan yon kontèks tansyon jeopolitik ak yon ralentisman nan anpil mache kle, dapre sa" òganizasyon an te di nan yon kominike.