Ontario Ogmante Pri Elektrisite li Ekspòte Ozetazini pa 25% pou Reponn ak Gè Komèsyal Trump la

Premye Ontario a Doug Ford pale ak jounalis yo nan yon otel nan Washington, 12 Fevriye, 2025.

Premye minis Ontaryo a, ki se lidè pwovens Kanada ki gen pi gwo popilasyon an ap chaje 25% plis lajan pou elektrisite Kanada ekspote bay 1,5 milyon Ameriken pou reponn plan tarif Prezidan Donald Trump la.

Doug Ford, Premye minis Ontario a deklare tarif la pral rete an plas malgre kanpe yon mwa Trump anonse sou tarif kont Kanada yo. Ford di poz yon mwa a koze plis ensètitid toujou.

Ford estime nouvo tarif la pral ajoute apepre $69 pa mwa sou fakti Ameriken yo peye pou elektrisite chak mwa.