Accessibility links

Breaking News

Trump di li Taka Enpoze Tarif Resipwòk Kont Kanada


Prezidan Donald Trump nan Biwo Oval la nan Washington.
Prezidan Donald Trump nan Biwo Oval la nan Washington.

Prezidan Donald Trump joure Vandredi pou sa li dekri tankou "kokenn chenn" tarif Kanadyen sou pwodui letye ak bwa e li di administrasyon li taka enpoze tarif resipwòk sou pwodui Kanadyen yo osito ke Vandredi.

Trump di jounalis yo nan Biwo Oval la: "Kanada ap piye nou depi plizye zane pou bwa ak pwodui letye. Nou pral reponn yo ak egzakteman menm tarif yo amwenske yo kite sa tonbe...e nou taka fe sa osito ke jodia oubyen n a tann jous Lendi ou Madi."

Trump mansyone tou tarif 17 wote pei End men li di End dakò pou l redui tarif li sou pwodui li enpòte.

Jedi Trump te sispann tarif 25% li te anvizaje enpoze kont pi fò pwodui ki soti Kanada ak Meksik. Nan yon entevyou li te bay rezo nouvel Fox Business Vandredi maten Trump di li te vle pran yon poz pandan 30 jou pou pwodui ki respekte akò komes lib rejyonal la pou ede konpayi otomobil yo. Men li ajoute ti souf sa a se yon mezi a kou tem e ke tarif yo taka enpoze o fi e a mezi.

XS
SM
MD
LG