Accessibility links

Breaking News

Carney Se Nouvo Premye Minis Kanada


Kandida Pati Liberal Kanada Mark Carney bay yon diskou nan Ottawa, Kanada, 9 Mas, 2025.
Kandida Pati Liberal Kanada Mark Carney bay yon diskou nan Ottawa, Kanada, 9 Mas, 2025.

Mark Carney, yon ansyen responsab bank santral ap pwochen premye minis Kanada apre pati Liberal ki o pouvwa a eli misye kom lidè li. Misye ap monte nan pos la nan moman peyi li ap fè fas ak gè komèsyal Prezidan Etazini Donald Trump deklanche ak menas li pou l anekse Kanada. Yon eleksyon federal sipoze dewoule pi ta ane sa a.

Carney, 59 an, pral ranplase Premye Minis Justin Trudeau, ki te anonse demisyon li nan mwad Janvye a. Sepandan li pral rete kom premye minis jiskaske siksesè li prete sèman.

Carney te jere plizyè kriz antanke chèf Bank Santral Kanada epi an 2013 li te tounen premye moun ki pa yon sitwayen ki te dirije Bank Angletè depi li te fonde an 1694.

Popilarite Trudeau bese nan moman pri manje ak kay ogmante epi imigrasyon ogmante anpil.

XS
SM
MD
LG