Trump di Gouvènman Federal la Taka Fèmen, men li Atann ni Sa Pap Fèt

Prezidan Etazini Donald Trump rive nan Lamezonblanch, Washington, 9 Mas, 2025.

Prezidan Donald Trump deklare Dimanch li posib gouvènman federal la pral oblije fèmen si Chanm Depite a pa jwenn ase vwa pou apwouve yon pwojè lwa pwovizwa men li optimistik y ap apwouve l.

Trump di jounalis yo Dimanch: "Sa taka fèt. Li pata dwe fèt e pwobableman sa pap fèt. Mwen kwè yo pral apwouve lwa pou kenbe gouvènman an ouvè. N a wè."

Gouvènman federal la pral sispann operasyon 14 Mas lè lajan pou finanse l bout.

Pwojè lwa Repibliken yo pwopoze a ta finanse operasyon gouvènman an nan menm nivo yo ye pou rès ane fiskal 2025 la, ki pral bout 30 Septanm ane sa a.