Trump Siyen yon Dekrè pou Tabli yon Rezèv Federal Bitcoin

Foto Achiv: Prezidan Donald Trump koute konseye Lamezonblanch David Sacks pandan lap siyen yon dekre sou lajan crypto nan Biwo Oval la.

Prezidan Donald Trump siyen yon dekrè ki tabli yon rezèv gouvènmantal bitcoin ki se mak kle lajan crypto. Se yon gwo pa nan direksyon etablisman lajan sa a kom mwayen peman ki aksepte tout kote.

Dapre nouvo dekrè Trump la, gouvènman Ameriken an pral rezève 200,000 bitcoin ke li deja sezi nan pwosè kriminèl ak sivil, dapre sa "czar crypto" Trump la, David Sacks di.

Lod egzekitif la mande pou gen "kontabilite konplè" byen bitcoin gouvènman an genyen, ke Sacks di yo poko janm verifye.

Sacks ajoute ke gouvènman Ameriken an te vann apepre 195,000 bitcoin pandan 10 zan ki pase yo pou $366 milyon. Misye di bitcoin sa yo ta vo $17 milya jodia si gouvènman an pat vann yo.