WASHINGTON (AP) — Yon nouvo pwosè federal nan Maryland ap konteste yon memo administrasyon Trump la ki bay lekòl ak inivèsite atravè peyi a de (2) semenn pou elimine nenpòt pratik ki baze sou ras, sinon yo riske pèdi finansman federal yo.
Plent la soti nan Federasyon Pwofesè Ameriken yo ak Asosyasyon Ameriken Sosyoloji a. Gwoup sa yo di memo Depatman Edikasyon an, ki te pibliye 14 fevriye, vyole Premye ak Senkyèm Amandman Konstitisyon an.
Yo afime fòse lekòl yo anseye sèlman opinyon gouvènman federal la sipòte, se yon vyolasyon libète ekspresyon, epi direktiv la twò vag, sa ki fè lekòl yo pa konn ki pratik ki ka mete yo an danje.