Haitian Bridge Alliance Mande Administrasyon Trump pou l Anile Desizyon pou Sispann TPS pou Ayisyen

Your browser doesn’t support HTML5

Guerline Jozef Konseye Migran Ayisyen: 'Pa Fè Tèt Cho'

Haitian Bridge Alliance, yon òganizasyon non-gouvènmantal ki ede migran kap chache antre Etazini mande administrasyon Trump la pou l anile san pèdi tan, desizyon li te pran pou l sispann Stati Pwovizwa Pwoteje (TPS) pou apepre 500,000 Ayisyen.

Deziyasyon TPS la pral ekspire nan mwad dawout 2025. Dat sa a se 6 mwa pi bonè pase dat ki te fikse anba administrasyon Biden nan, a savwa Fevriye 2026.

"Desizyon sa a menase pou l boulvèse fanmi, destabilize kominote, minnen ekonomi Etazini epi depòte benefisye yo nan yon peyi an kriz," Haitian Bridge Alliance di nan nòt pou laprès li voye bay VOA.

Sekretè Sekirite Nasyonal Kristi Noem te anonse desizyon pou anile TPS pou Ayisyen Jedi 20 Fevriye a.

Nan yon nòt li voye bay VOA, pòtpawòl DHS deklare: "Prezidan Trump ak Sekretè Noem ap remete TPS nan stati orijinal li: pwovizwa."

Etazini te deziye Ayiti pou TPS an 2010, apre tranblemanntè a.

Nan mwad Me 2011, DHS te estime 57,000 Ayisyen te elijib pou TPS.

Nan mwad dawou 2021, DHS te estime 155,000 Ayisyen te elijib pou nouvo deziyasyon an. E nan mwad Jiyè 2024, estimasyon an te ogmante pou l rive 520,694.

Direktris egzekitif Haitian Bridge Allians, Guerline Jozef di: " Desizyon sa a se yon atak kare-bare kont fanmi Ayisyen ki tabli yon vi Ozetazini. Li mechan, pa nesese epi nye reyalite terib ki egziste an Ayiti."