Administrasyon Trump la pran yon poz ak tout aplikasyon imigrasyon pou migran ki soti nan Ikrèn ak Amerik Latin nan ki te jwenn pèmisyon pou antre Etazini anba pwogram imigrasyon Biden yo.
Yon potpawol Depatman Sekirite Nasyonal, DHS di VOA Kreyol pa email: "Poz administratif sa a se pou tout demann benefis USCIS ke moun ki enskri nan pwogram Pawol (Imanitè a) anba Inite pou Ikrèn (U4U), Pwosesis pou Ayisyen, Kiben, Nikaragweyen ak Venezyelyen (CHNV) oubyen Pawol Reyinifikasyon Familyal. Poz sa a efektif an atandan nou finn revize idantite (aplikan yo), frod, menas pou sekirite piblik la ak kè sote pou sekirite nasyonal."
Administrasyon Biden nan te lanse pwogram pawol imanitè a kom mwayen legal pou migran ki vle vinn viv Etazini.
Dapre done Fondasyon Nasyonal pou Politik Ameriken, gen apepre 210,000 Ayisyen ki resevwa pawol imanitè pandan administrasyon Biden nan.
DHS te kanpe pwovizwaman distribisyon otorizasyon vwayaj avanse pou nouvo benefisye pwogram Pawol Imanitè yo ann atandan li te revize aplikasyon sipòte yo nan mwad Out 2024 la.
Nan yon email yon pot pawol DHS te voye bay VOA Kreyol li te esplike gen mekanism an plas pou revize, detekte epi anpeche fwod ak abi nan pwosesis imigrasyon Etazini yo.
"DHS pran nempòt ki abi pwosesis li yo trèz o serye," nòt DHS la fè konnen.
Li te ajoute: " Le nou idantifye fwod, Sèvis Imigrasyon ak Ranfòsman La Dwann ICE, mennen ankèt epi trennen devan la jistis responsab yo epi voye dosye kriminèl bay Depatman Jistis la (si nesesè)."
Dapre DHS, benefisye pwogram pawol imanitè yo sibi revizyon konplè anvan yo jwenn pèmisyon pou vwayaje Etazini.
Pwosesis revizyon an gen divès nivo ladann, anvan pou yon moun resevwa apwobasyon e li separe ak revizyon DHS fè pou sipotè kap viv Ozetazini yo.
Nap raple ke pwogram Pawòl Imanitè a, ke anpil Ayisyen rele "Pwogram Biden nan", se yon benefis DHS ofri pou moun ki soti nan peyi: Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela - epi pwòch yo. Se yon fason pou yo mande pou yo vini Ozetazini yon fason ki sekirize epi òdone.
Benefisye ki kalifye pou pwogram nan dwe genyen: yon moun ki ka sipòte yo kap viv Ozetazini, fòk yo sibi pwosesis revizyon ak sekirite DHS la, fòk yo reponn tout kritè elijibilite yo, epi merite pou Etazini konsidere yo pou pwogram sila a.