Sekretè Sekirite Nasyonal Etazini Kristi Noem anile desizyon administrasyon Biden nan te pran pou pwolonje Stati Pwoteje Pwovizwa pou Ayiti a (TPS) pou yon lòt 18 mwa.
Nan kad desizyon sa a, TPS pou Ayiti pral ekspire 3 Out 2025, si yo pa pwolonje l.
Dapre Noem, desizyon sa a fè pati pwomès Prezidan Donald Trump fè pou l elimine politik ki atire migrasyon ilegal e ki pa konfòm ak lwa Etazini.
TPS se yon stati imigrasyon ki disponib pou moun ki soti nan kèk peyi.
Stati sa a pèmèt migran yo - menm si yo te antre Etazini ilegalman - jwenn pèmisyon pou yo viv Ozetazini legalman pwovizwaman.
Sekretè Sekirite Nasyonal la gen otorizasyon pou l deziye yon peyi etranje pou TPS si gen yon konfli ame, yon dezas anviwonmantal oubyen kondisyon ekstraodinè ak pwovizwa ki egziste nan peyi sa a.
Dapre nòt pou laprès Noem pibliye "sistèm TPS la ap eksplwate epi abize depi plizyè dizèn lane.
Etazini te deziye Ayiti pou TPS an 2010, apre tranblemanntè a.
Nan mwad Me 2011, DHS te estime 57,000 Ayisyen te elijib pou TPS.
Nan mwad dawou 2021, DHS te estime 155,000 Ayisyen te elijib pou nouvo deziyasyon an. E nan mwad Jiyè 2024, estimasyon an te ogmante pou l rive 520,694.
Yon pòtpawòl DHS di: "Prezidan Trump ak Sekretè Noem ap remete TPS nan stati orijinal li: pwovizwa."
Mwa pase a, Noem te fè mèman parèyman pou Venezyelyen ki te resevwa ekstansyon TPS anba administrasyon Biden nan.
Korespondan Sekirite Nasyonal VOA Jeff Seldin, ak jounalis VOA Kreyòl James Pierre kontribye a repòtaj sa a