Sena Ameriken Konfime Kash Patel, Kòm Direktè FBI

(FILES) (FILES) Kash Patel is sworn in during a Senate Judiciary Committee hearing on his nomination to be FBI Director, on Capitol Hill in Washington, DC, January 30, 2025.

Jedi 20 Fevriye a Sena Ameriken an ki kontwole pa on majorite Repibliken te konfime Kash Patel, yon alye Prezidan Donald Trump, kòm direktè FBI, pi gwo ajans ki fè respekte lalwa nan peyi Etazini.

Patel ki gen 44 a te jwenn nominasyon pou li te pran tèt ajans lan, sa ki te pwovoke yon opozisyon malouk bò kote moun nan tou 2 pati yo, men finalman lè vòt la te fèt li te rive konfime ak yon maj 51-49.

Se selman 2 senatè Repibliken, Susan Collins nan Maine ak Lisa Murkowski nan Alaska, ki te chwazi vote kont konfimasyon Patel nan tèt Biwo Envestigasyon Federal la ki gen ladann apreprè 38,000 moun.

Patel te jwenn gwo opposizyon bo kote Demokrat yo akoz li konn pwopaje teyori konplo. Yo akize l tou dèske kòmkwa li te pran defans manifestan ki te atake Kapitòl la nan dat 6 janvye 2021 an. Met sou sa Demokrat yo pat dako pou misye dirije FBI akoz li te sèmante pou dechouke "anplwaye leta anrasinen yo" ke li akize dèske yap konplote pou opoze prezidan Repibliken an.

Jiska prezan sena a apwouve tout chwa kabinè Trump yo.