Sena Etazini Konfime Howard Lutnick Kòm Sekretè Komès

U.S. President Donald Trump signs an executive order in the Oval Office at the White House in Washington, D.C.

Senatè ameriken yo apwouve Madi 19 fevriye a nominasyon biznisman Howard Lutnick, yon zanmi pwòch Prezidan Donald Trump ak yon patizan fidèl politik tarif li, kòm Sekretè Komès.

Li te resevwa 51 vòt anfavè ak 45 vòt kont.

Konfimasyon an se pa yon sipriz, paske Mesye Lutnick se youn nan moun Trump te chwazi ki pat gen non li ki tap site nan dosye kontwovèsyal pami pèsonalite prezidan Ameriken an te nonmen nan gouvènman l 'yo.

Howard Lutnick, te direktè ki tap jere bank envestisman Cantor Fitzgerald anvan nominasyon li nan pos sa a.