Nan komimike pou laprès sila a, ki pibliye sou rezo yo, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an eksplike kanaval la anile akoz pwoblèm ensekirite k ap ogmante nan peyi a.
KPT a di li tande siwaten ki tap fè pledwari nan medya ak lòt forum pou mande anilasyon fèt kanaval la.
Anpil vwa te leve nan plizyè sektè pou mande gouvènman an kanpe aktivite kanaval yo, akoz pwoblèm ensekirite a.
Pi gwo fèt popilè nan peyi a ki konn abitye rasanble plizyè santèn-milye sitwayen, p ap fèt. Sepandan kanaval rejyonal yo ap toujou fèt, selon sa KPT a fè konnen.
N ap fè sonje, gouvènman an te prevwa depanse 300 milyon goud pou òganize kanaval tout kote nan peyi a. Kanaval Fòlibète a te gen yon chèk 170 milyon nan 300 milyon an.