Mouvman Anti-Musk la Pran Elan Pandan Kongrè a an Vakans

Manifestan pwoteste kont aktivite Elon Musk yo nan administrasyon Trump la devan yon magazen otomobil Tesla nan vil Seattle, Washington, 13 Fevriye 2025.

Lyetnan pi wo plase Prezidan Donald Trump la, milyadè Elon Musk sible nan manifestasyon plizyè milye aktivis Demokrat lanse semèn sa a.

Demokrat yo move kou kong akoz jefo administrasyon Repibliken an lanse pou sakaje ajans federal ki jere swen sante, edikasyon ak sèvis sosyal.

Plizyè santèn manifestasyon pwograme pou dewoule devan biwo Kongrè a ak magazen ki vann otomobil Tesla yo.

Oganizatè yo espere voye yon mesaj klè bay manm Kongrè a, ki an vakans semèn sa a.

Aktivis zèl goch yo vekse e yo vle pou responsab eli tou le 2 pati politik prensipal yo - Repibliken ak Demokrat - bay pdg Tesla a, Musk yon kanpe lwen.

Trump chante lwanj Musk pou travay lap fè nan kad Depatman Efikasite Gouvènmantal la. Prezidan an di ajans la, DOGE, jwenn prèv "chokan" gaspiyaj kap fèt nan depans federal yo.