Repibliken yo ap reflechi sou koupi nan pwogram swen sante ki rele Medicaid la, ki te eknomize leta plizyè milya dola. Koupi sa yo mete an danje swen sante pou 80 milyon adilt ak timoun Ameriken ki enskri ladann.
Anba administrasyon Biden nan, Demokrat yo te bat bravo pou kouvèti swen sante pwogram sila a ke lajan enpo Ameriken yo finanse. Kantite Ameriken ki te aplike pou pwogram nan ogmante pandan mwa ki pase yo.
Sepandan anba administrasyon Trump la, Repibliken yo ap eseye redui depans leta.
Se sitwayen ki peye enpo federal ki finansye pwogram Medicaid la, ki gen yon bidjè $880 milya.
Kongrè a ke Repibliken yo kontwole ap gade de pre demann travay pou moun ki enskri nan Medicaid epi konsidere redui kantite lajan yo bay chak eta pou jere moun ki enskri nan pwogram nan.
Pandan 10 zan kap vini yo, li posib palmantè Repibliken yo taka eseye pran plizyè milya dola nan sistèm swen sante sa a ki prèske gratis e ki disponib pou Ameriken ki pi defavorize yo.