LeBron James ki kounya nan karantèn li toujou ak mate balon baskèt menm jan ak jwè ki nan ventènn, dimanch 16 fevriye a li pral jwe 21yèm jwèt All-Star li, pami elit nan NBA a.
Elye Lakers la se pa premye jwè ki nan karantèn ki te jwenn envitasyon pou patisipe nan match NBA All-Star yo, ki ap dewoule ane sa a nan San Francisco.
Men, 2 predesesè li yo, Kareem Abdul-Jabbar ak Dirk Nowitkzi, nan pase yo te jwenn envitasyon nan match sa yo pandan yo te karantèn, yo te envite yo pou te rann yo yon omaj men James li menm yo envite l se pou bon pèfòmans li nan Sezon an.
James, bò kote pa l, toujou fè plis pase 24 pwen kòm mwayèn e li an katriyèm plas nan klasman kòm pi bon pasè nan lig Nò Ameriken an.