Nouvèl la tonbe nan lannwit soti Samdi pou rive Dimanch, Duo Lakers la separe, dapre sa nouvèl yo rapòte ni Lebron James ni Davis pat okouran sou antant sa 2 ekip yo te rive jwenn nan .
Luka Doncic ki gen 25 an pral jwe bò kote idòl li Lebron James nan Lakers, Anthony Davis ki gen 31 an pral jwe bò kot ansyen kolaboratè Lebron an Kyrie Irving nan Dallas Maverics.
Dapre analis yo Lakers yo sanble sekirize avni an ekip ak yon jwè ki pi jèn ak yon posib eritye LeBron James ki gen kounya (40 ane), ane pase Doncic te te mennen Dallas nan final NBA.
Pou Analis Mavericks li menm ap ranfòse defans yo pou yo ka vize pi byen tit chanpyon an.