Pwodwi ekspòtasyon ki soti Sendomeng pou rantre Ayiti pandan 2024 la te koute 896 113 238, 13 dola ameriken. Daprè ladwann dominikèn, kantite lajan sila a konnen yon ogmantasyon 2,6% lè w konsidere ane 2023 a.
Matyè plastik ; « Fonte » ; Fè ; Asye ; Fwi ak po « agrumes » yo ; Pwodwi ki soti nan sereyal yo ak farin ; Sèl ; Sik ; Sikreri tout kalte ; Souf ; Amidon, se kèk nan machandiz sa yo Ayiti pran lakay vwazen an.
Enfòmasyon yo revele Leta ayisyen pa gen yon bon kontwòl sou fwontyè a ak sou gwo kantite machandiz k ap rantre yo.
Yon lòt kote, kantite machandiz Ayiti voye li menm bay Sendomeng pi ba pase 2%.