Ayiti: Gwoup Nèg ak Zam Mete Dife nan Lopital Jeneral

Foto Achiv: Yon sal dijans vid nan Lopital Jeneral Potoprens la, 25 Fevriye, 2022.

Gwoup nèg ak zam ki fè pati de kowalisyon "Viv ansanm", mete dife, ayè jedi a, nan Lopital inivèsite Leta Ayiti a, ki se pi gwo sant ki bay swen nan tout peyi a.

Videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo montre yon pati nan lopital la, tout moun konnen sou non Lopital jeneral, anba dife.

Pou kounya, yo paka evalye kantite dega dife a fè.

Aksyon sa rive anviwon 2 mwa apre gwoup nèg ak zam te vide katouch sou Lopital jeneral, touye 2 jounalis epi blese 4 lòt.

Lopital jeneral chita kòl nan ri Monseyè Giyou, yon zòn ki pratikman abandone akoz aktive gang yo nan kapital la.

N ap fò sonje gwoup gang yo te piye epi mete dife nan lopital Bernard Mevs nan mwa desanm 2024 la