Accessibility links

Breaking News

Kilti: Festival PAPJAZZ ap Dewoule Pòtoprens, Komite a Pwomèt yon Festival Inik, Diferan


Jazz Festival "PAPJAZZ"
Jazz Festival "PAPJAZZ"

Apre komite Festival la te ranvwaye PAPJAZZ la akoz ensekrite a nan kapital la, òganizate yo anonse Festival entènasyonal Jazz Pòtoprens lan ap reprann dwa li nan mwa mas la (20, 21 ak 22 mas)

Soti 20 pou rive 22 mas, Pòtoprens pral cho ak anpil aktivite kiltirèl ki prepare pou fanatik Jazz yo an Ayiti.

Milena Sandler ansanm ak Joel Widmaer pwomèt yon festival gwo kalib, yon festival inik, ki diferan de lòt festival yo, sitou nan pati atistik yo.

Apa gwo prestasyon sou sèn, kote Jazzman, atis, DJ pral depoze mizik atè nan otèl Karibe pou fè fanatik Jazz yo plezi, gen yon latriye aktivite ki ap fèt plizyè kote nan kapital la pou voye festival PAPJAZZ la monte.

Atelye, festival pou timoun, sèn pou dekouvri talan, sinema elatriye, se kèk pami aktivite komite a gen nan lis li.

Anplis de sa, Milena Sandler anonse yon show nan yon kan deplase.

Milena Sandler deklare: "Se yon festival solidè, yon festival kolaborasyon".

Pou kounya, òganizatè yo poko pibliye lis atis Ayisyen ou entènasyonal ki ap vin pèfòme nan 18èm edisyon Festival PAPJAZZ la. Lis la ap disponib nan pa twò lontan.

XS
SM
MD
LG