Yon Gwoup Envestisè Elon Musk ap Dirije Pwopoze Pou l Achte OpenAI pou $97.4 Milya Dola. CEO OpenAI la di : "Non mèsi!"

(FILES) (COMBO) This combination of pictures created on December 27, 2024 shows Sam Altman, CEO of OpenAI, speaking during The Wall Street Journal's WSJ Tech Live Conference in Laguna Beach, California on October 17, 2023 and Elon Musk listening as US Pre

Yon gwoup envestisè ki gen Elon Musk kòm lidè di yo ofri $97.4 milya dola pou achte òganizasyon karitativ ki dèyè OpenAI la, sa ki agrave yon konfli ant konpayi entèlijans atifisyèl saa ak Musk ki te ede fonde l.

Musk, ansanm ak demaraj AI li, xAI, ak yon konsòsyòm konpayi envestisman, di yo vle achte OpenAI, kreyatè ChatGPT, epi retounen li nan misyon orijinal li kòm yon laboratwa rechèch san bi likratif, dapre avoka Musk, Marc Toberoff.

CEO OpenAI a, Sam Altman, voye òf la jete byen vit sou rezo sosyal Musk la, X, li di: "non mèsi, men nou ka achte Twitter pou $9.74 milya dola si ou vle.

" Musk te achte Twitter, ki kounye a rele X, pou $44 milya dola an 2022.